Fanmi
Lekòl pitit ou, nan telefòn ou
Ou pa bezwen tann jou y ap remèt kanè pou w konnen kijan pitit ou ap mache. Avèk Skoleda, paran yo swiv lekòl la chak jou, kèlkeswa kote yo ye.
Ekip Skoleda ·
Nòt ak bilten depi yo pibliye
Lè lekòl la pibliye yon evalyasyon oswa yon bilten, paran an wè l touswit nan espas li, pou chak pitit li. Bilten yo ka telechaje an PDF.
Absans yo, matyè pa matyè
Pwofesè a fè apèl sou telefòn li. Paran an wè prezans ak absans pitit li, kou pa kou.
Frè lekòl : sa ki peye, sa ki rete
Paran an jwenn istorik vèsman li yo ak balans chak frè : enskripsyon, frè lekòl, egzamen, inifòm. Pa gen dout ankò pou yon resi ki pèdi.
Anons lekòl la
Reyinyon paran, konje, sòti, rapèl : anons yo rive pa imèl ak nan espas paran an. Lekòl la ka mande paran yo opinyon yo tou ak yon sondaj.
Yon sèl kont pou tout pitit ou
Frè ak sè, menm si yo nan klas diferan : paran an pase de youn a lòt nan menm kont lan.
Depi Port-au-Prince, Miami, Montréal oswa Paris
Anpil paran swiv lekòl pitit yo depi lòt bò dlo. Espas paran an louvri nenpòt kote sou latè, sou telefòn oswa sou òdinatè : fanmi an konnen sa k ap pase lekòl la san li pa bezwen tann yon apèl.
San enstale anyen
Espas paran an louvri nan navigatè nenpòt telefòn. Yon aplikasyon Android ap teste ak premye lekòl yo.